TSK

TSK · Ezekiel 46:2

مراجع Treasury of Scripture Knowledge في HCV.

العودة إلى المقطع

¶ Aprè sa, wa David ale nan Tanp lan, li chita devan Seyè a, li di l' konsa: -Seyè Bondye sèl Mèt la, kisa mwen ye? Kisa fanmi mwen ye pou ou te fè tout sa ou deja fè pou nou?

Salomon te fè fè yon platfòm an kwiv. Li fè yo mete l' nan mitan lakou a. Platfòm lan te kare kare, wit pye longè, wit pye lajè ak senk pye wotè. Li moute sou li, li mete ajenou devan tout pèp Izrayèl la. Li leve de men l' anlè,

Lè yo fin boule ofrann yo sou lotèl la, wa a ak tout moun ki te la yo mete ajenou, yo bese tèt yo jouk atè devan Bondye.

Tansèlman, wa a gen dwa vin chita la pou li manje pòsyon pa l' nan manje ofrann lan devan m'. L'a pase nan pòt ki nan gwo pyès nan bout koridò a pou l' antre. Se la l'a soti tou.

Lè wa a ap antre, se pou l' pase nan gwo chanm ki nan bout koridò a. Lè l'ap soti, se la pou l' pase tou.

li al yon ti kras pi lwen, li lage kò l' fas atè, li lapriyè konsa: O Papa mwen. Si sa te ka fèt, wete gode soufrans sa a devan je mwen. Men, se sa ou vle a ki pou fèt, pa sa mwen vle a.

Konsa, m'ap fè tout moun konnen Kris la. M'ap bay tout moun konsèy, m'ap moutre yo tout bagay avè bon konprann, jan m' kapab pou yo tout ka parèt devan Bondye tankou granmoun ki byen grandi nan lavi y'ap mennen ansanm ak Kris la.