Men, se sak sot nan kè l' ki ka mete l' nan kondisyon sa a. [Si nou gen zòrèy poun tande, tande.]
TSK
TSK · Revelation 2:11
مراجع Treasury of Scripture Knowledge في HCV.
Se pou moun ki gen zòrèy pou yo tande tande sa Lespri Bondye a ap di legliz yo. Tout moun ki va goumen jouk yo genyen batay la, m'a ba yo laman ki kache a. M'ap ba yo chak yon ti wòch blan ak yon lòt non ekri sou li, yon non pesonn pa konnen esepte moun ki resevwa l' la.
Benediksyon pou moun k'ap patisipe nan premie leve vivan soti nan lanmò sa a! Yo se moun Bondye vre. Dezyèm lanmò a p'ap gen pouvwa sou yo. Yo pral sèvi Bondye ak Kris la tankou prèt. Yo pral gouvènen avè l' pandan mil lanne.
Men, pou moun ki lach yo, moun ki pa kenbe pawòl yo, ansasen yo, bann moun deprave yo, moun k'ap fè maji yo, moun k'ap adore zidòl ansanm ak moun k'ap bay manti, plas yo se nan letan dife ak souf k'ap boule a yo ye. Se sa yo rele dezyèm lanmò a.