TSK

TSK · 1 Corinthians 6:2

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Tankou yo mete mouton nan pak, se konsa y'ap mete yo kote mò yo ye a. Yo pral tou dwat nan simityè, se lanmò ki pral pran swen yo. Bèl kou yo bèl, y'ap tounen pousyè. Se kote mò yo ye a y'ap rete.

Men, moun k'ap viv pou Bondye ki anwo nan syèl la pral resevwa gouvènman an nan men yo. Y'ap kenbe l' pou tout tan tout tan.

N'a lonje fon an pou nou kouri chape kò nou jouk n'a rive lòt bò mòn Atsèl. N'a kouri met deyò menm jan zansèt nou yo te fè l' la lè tranblemanntè a te pase sou rèy Ozyas, wa peyi Jida a. Seyè a, Bondye nou an, va vini, l'ap mennen tout moun pa l' yo avè l'.

N'a manje, n'a bwè sou tab ansanm avè m' sou govènman mwen an. M'a mete nou chita sou bèl fotèy pou nou jije douz branch fanmi Izrayèl la.

Paske, mwen p'ap konsidere bagay moun wè, men bagay moun pa wè. Sa moun wè, se bagay ki pa la pou lontan, men sa moun pa wè, se bagay ki la pou tout tan.

Bagay ki soti nan lemonn se egzijans lachè, se gwo tanta, se lògèy k'ap vire tèt moun lè yo gen anpil byen sou latè. Tou sa pa soti nan Papa a. Se nan lemonn sa soti.

Tout moun ki va goumen jouk yo genyen batay la, epi ki va toujou ap fè sa m' vle yo fè a jouk sa kaba, m'a ba yo pouvwa sou tout nasyon,

Lè sa a, mwen wè yon bann fòtèy. Moun ki te chita sou fòtèy yo te resevwa pouvwa rann jijman. Anmenmtan an tou, mwen wè nanm moun yo te koupe tèt yo paske yo t'ap bay verite Jezi te fè nou konnen an ansanm ak pawòl Bondye a. Moun sa yo te refize adore ni bèt la, ni estati l' la. Yo pa t' resevwa mak bèt la sou fwon yo ni sou men yo. Yo leve soti vivan nan lanmò. Y'ap gouvènen avèk Kris la pandan mil an.