TSK

TSK · 1 Samuel 11:1

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Piga nou pase ankenn kontra ak moun sa yo, ni ak bondye yo.

Se konsa Seyè a fache sou pèp Izrayèl la. Li kite moun Filisti yo ak moun Amon yo mete pye sou kou yo.

Chèf fanmi peyi Galarad yo di Jefte konsa: -Nou vin jwenn ou koulye a, paske nou bezwen pou ou mache ansanm avèk nou, pou ou goumen ak moun Amon yo, pou ou ka chèf tout moun ki rete nan peyi Galarad la.

Se konsa, moun ki te sanble yo chwazi douz mil sòlda nan sa ki pi bon yo, yo voye yo la ak lòd sa a: -Ale nan peyi Galarad. Touye dènye moun lavil Jabès, ata fanm ak timoun.

Lè moun lavil Jabès yo, nan peyi Galarad, vin konnen sa moun Filisti yo te fè Sayil,

¶ Kèk tan apre sa, Nakach, wa lavil Amon an, mouri. Se pitit li, Anoun, ki moute wa nan plas li.

Bennadad di li: -M'ap renmèt ou tout lavil papa m' te pran nan men papa ou yo. Ou mèt louvri boutik nan lavil Damas pou vann, menm jan papa m' te fè l' lavil Samari. Akab reponn li: -Si se konsa, w'ap pase yon kontra avè m', mwen menm m'ap kite ou al fè wout ou. Akab pase yon kontra avèk Bennadad, lèfini li kite l' al fè wout li.

tout mesye ki te brave danje yo leve, y' al pran kadav Sayil la ansanm ak kadav pitit gason l' yo, yo tounen ak yo lavil Jabès. Yo antere zosman yo anba pye tonmaren ki nan lavil Jabès la. Apre sa, yo pase sèt jou san manje.

Pa koute wa Ezekyas! Wa peyi Lasiri a mande pou nou fè lapè avè l', pou nou rann tèt nou ba li. Konsa, nou tout n'a manje rezen nan jaden rezen nou, n'a manje fig frans nan pye fig frans nou, n'a bwè dlo nan pi nou.