Lapriyè Seyè a pou l' fè loraj la sispann, pou l' fè lagrèl la rete. Mwen pwomèt pou m' kite nou ale. Nou pa bezwen rete ankò.
TSK
TSK · 1 Samuel 12:19
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
¶ Nan denmen, Moyiz rele pèp la, li di yo: -Nou te fè yon gwo peche. Men koulye a, mwen pral moute sou mòn lan bò kote Seyè a. m'a wè si m' ka jwenn padon pou peche nou an.
Apre sa, Samyèl di yo: -Sanble tout pèp Izrayèl la lavil Mispa, m'a lapriyè Seyè a la pou nou.
Pawòl sa yo pa t' fè Samyèl plezi paske yo t'ap mande pou li ba yo yon wa pou gouvènen yo. Samyèl lapriyè Seyè a.
Atòkile, men sa pou nou fè: Pran sèt towo bèf ak sèt belye mouton. Al jwenn Jòb ak yo. N'a ofri yo pou nou, n'a boule yo nèt. Jòb li menm va lapriyè pou nou. M'a reponn li. Konsa, m'a fè pa nou. Mwen p'ap pini nou deske nou pa t' pale byen sou mwen, jan Jòb, sèvitè m' lan, te fè l' la.
Seyè, lè pèp la te nan tray, se ou menm yo te vin jwenn. Lè ou t'ap pini yo, yo te gen kè sere, se nan pye ou yo t'ap lapriyè.
Men, wa Sedesyas te voye Jewoukal, pitit Chelemya, ak Sefanya, prèt la, pitit Maseja, bò kot pwofèt Jeremi pou mande l' lapriyè Seyè a, Bondye yo a, pou yo tout.
Lè sa a, Simon di Pyè ak Jan konsa: Tanpri souple, lapriyè Bondye pou mwen, pou anyen nan sa nou di a pa rive mwen.
Si yon moun wè yon frè l' fè yon peche ki p'ap fè l' mouri, se pou l' lapriyè Bondye pou Bondye bay frè a lavi. Prensip sa a bon pou moun ki fè peche ki p'ap fè yo mouri. Men, gen yon kalite peche ki mennen yon moun tou dwat nan lanmò. mwen pa di pou yo lapriyè pou moun ki fè kalite peche sa yo.