¶ Koulye a, nou menm pèp Izrayèl, men sa Seyè a, Bondye nou an, mande nou: Se pou nou gen krentif pou Seyè a, Bondye nou an. Se pou nou swiv chemen li mete devan nou an. Se pou nou renmen l'. Se pou nou sèvi l' ak tout kè nou ak tout nanm nou.
TSK
TSK · 1 Samuel 12:20
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Paske mwen konnen, lè m'a mouri, nou pral lage kò nou nan fè move bagay, nou pral kite chemen mwen te louvri devan nou an. Lè sa a, malè pral tonbe sou nou, paske nou te fè sa ki mal nan je Seyè a, nou te eksite kòlè li avèk tout move bagay nou t'ap fè yo.
Ou menm, Salomon, pitit mwen, se pou ou rekonèt Bondye papa ou la. Se pou ou sèvi l' ak tout kè ou, avèk bon santiman, paske Seyè a sonde kè tout moun, li konnen tou sa k'ap pase nan tèt yo. Konsa, si ou chache l', l'ap kite ou jwenn li. Men, si ou vire do ba li, l'ap lage ou nèt tou pou tout tan.
M'ap mennen yon lavi san repwòch anndan lakay mwen. Mwen p'ap mete okenn move lide nan tèt mwen. Mwen rayi sa moun ki vire do bay Bondye yo ap fè. Bagay konsa pa ka pran tèt mwen.
¶ Seyè a di ankò: -Lè yon nonm divòse ak madanm li, si apre madanm lan fin kite avè l', li al fè afè ak yon lòt gason, èske premye nonm lan ap tounen ak madanm lan ankò? Eske si sa ta rive fèt se p'ap yon gwo bagay derespektan ki t'ap rive nan peyi a? Konsa tou, nou menm pèp Izrayèl, nou te tankou yon fanm ki te gen anpil nonm pou jan nou te kouri fè sèvis pou yon bann lòt bondye. Epi koulye a nou ta renmen tounen vin jwenn mwen? Se mwen menm Seyè a ki di sa.
¶ Men, fè sa avèk dousè ak tout respè. Kenbe konsyans nou pwòp. Konsa, moun k'ap pale nou mal poutèt bon kondit nou gen nan Kris la, se yo menm ki va wont pou pawòl yo te di lè yo t'ap joure nou an.