TSK

TSK · 1 Samuel 14:47

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Pi gran an fè yon pitit gason, li rele l' Moab. Se li menm ki zansèt moun Moab yo ki la jouk koulye a.

¶ Men pitit pitit Ezaou yo. Se Ezaou sa a yo te rele Edon.

Se te non tout pitit pitit Ezaou yo sa. Yo te rele Ezaou Edon tou. Se yo ki te chèf branch fanmi yo.

Nan denmen maten Sayil pran sòlda yo, li fè twa gwoup. Epi anvan solèy leve, yo kouri antre nan kan moun Amon yo, yo atake yo, yo bat yo. Li te midi yo t'ap touye moun toujou. Sa ki pa t' mouri yo kouri chape kò yo grenn pa grenn.

¶ Sayil te majè lè yo te fè l' wa. Li pase kèk tan ap gouvènen pèp Izrayèl la.

Jonatan pa t' janm fè bak toutotan li pa tranpe flèch li yo nan san lènmi l' yo. Sayil pa t' janm tounen toutotan li pa t' plonje nepe l' nan vant vanyan sòlda lènmi l' yo.

¶ David t'ap gouvènen tout pèp Izrayèl la. Li te fè tout moun jistis san patipri. Li te fè tout zafè l' dwat.

Bondye fè yon lòt moun leve dèyè Salomon ankò. Se te Rezon, pitit gason Elyada, ki te kouri kite lakay mèt li, Adadezè, wa peyi Soba a.