TSK

TSK · 1 Samuel 16:11

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

¶ David te pitit gason yon nonm fanmi Efrata yo, ki te rete lavil Betleyèm, nan peyi Jida. Nonm lan te rele Izayi. Li te gen wit pitit gason. Sou rèy wa Sayil, li te deja fin granmoun.

Eliyab, pi gran nan frè David yo, te tande l' ap pale ak mesye yo. Li fache sou li, li di l' konsa: -Sa w'ap fè la a? Ki moun k'ap okipe mouton ou yo pou ou nan dezè a? Mwen konnen jan ou lafoura. Ou toujou sou plan! Se batay la ou vin gade.

Men, Amnon te gen yon zanmi, yon moun yo te rele Jonadab, pitit gason Chimeya, frè David. Jonadab sa a te mètdam anpil.

Li te chwazi David, yon moun ki t'ap sèvi l'. Li wete l' dèyè mouton li t'ap okipe yo,