Jakòb te renmen Rachèl. Li reponn Laban: M'ap sèvi avè ou sèt lanne pou Rachèl, dezyèm pitit fi ou la.
TSK
TSK · 1 Samuel 18:25
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
¶ Si yon nonm pran tèt yon jenn fi ki poko fiyanse, epi li kouche avè l', li gen pou l' peye lajan yo konn bay pou yon maryaj, epi se pou l' marye ak jenn fi a.
¶ Jou sa a, moun pèp Izrayèl yo te fèb anpil tèlman yo te grangou paske Sayil te pran yon gwo angajman devan tout pèp la, li te pase lòd sa a: -Madichon pou nenpòt moun ki va mete manje nan bouch li jòdi a anvan mwen pran revanj mwen sou lènmi m' yo. Se konsa pesonn nan peyi a pa t' manje anyen jou sa a.
Menm jan mwen touye lyon ak lous, se konsa m'a touye sòlda Filisti sa a ki pa moun k'ap sèvi Seyè a. M'ap touye l' paske li mete lame Bondye vivan an an defi vin goumen avè l'.
¶ Sayil pale ak Jonatan ansanm ak chèf k'ap sèvi avè l' yo, li di yo li fè lide touye David. Men Jonatan, pitit gason Sayil la, te renmen David anpil.