TSK

TSK · 1 Samuel 23:20

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Lè yon moun fanmi Levi ki rete nan yonn nan lavil nou yo, nenpòt kote nan peyi Izrayèl la, santi li ta renmen ale kote Seyè a te chwazi pou yo fè sèvis pou li a,

Abnè di David konsa: -Monwa, mwen prale koulye a, mwen pral sanble tout moun pèp Izrayèl yo bò kote ou. y'a pase yon kontra avè ou. Konsa, w'a ka gouvènen tout peyi a jan ou vle l' la. David bay Abnè pèmisyon pou li ale. Lèfini, Abnè pati ak kè poze.

Se konsa ofisye ki te anchaj palè a, gouvènè lavil la, chèf fanmi yo ak reskonsab pitit wa yo voye di Jeou: --Se sou zòd ou nou ye, n'ap fè tou sa ou di nou fè. Men, nou p'ap mete pesonn wa. W'a fè sa w'a wè ki pi bon.

Lè mechan wè sa, li move. li manje dan l', kè l' grenn. Tou sa mechan an t'ap tann lan pa rive.

¶ Pa janm fè plan tankou mechan yo pou chache fofile kò ou anndan kay moun k'ap mache dwat. Pa chache devalize kote l' rete a.