TSK

TSK · 1 Samuel 24:11

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

David leve, li pati ak sòlda li yo. Li touye desan moun Filisti. Li pote po ti kòk yo bay wa a. Li konte yo yonn pa yonn, li renmèt li yo san manke yonn, pou l' te ka tounen bofi wa a. Se konsa Sayil marye Mikal, pitit fi li a, ak David.

Chache konnen tout kote li kab kache. Epi lè n'a sèten tout bon, n'a tounen vin jwenn mwen. Lè sa a, m'a desann avèk nou. Si li la toujou nan peyi a, m' aval chache l', menm si m' dwe fouye nan tout rakwen peyi Jida a.

Pa kite yo touye m' nan peyi etranje byen lwen Seyè a! Poukisa pou wa Izrayèl la leve tout lame a pou l' chache touye yon ti pis tankou m'? Poukisa pou l' ap kouri dèyè m' nan tout mòn yo tankou lè moun ap fè lachas ranmye!

David di l' konsa: -Bon. Ki jan ou fè pa t' pè leve men ou sou wa Bondye chwazi a pou ou rive touye l'?

Job 10:16 TSK

Si m' leve tèt mwen, ou fann dèyè m' tankou yon lyon dèyè bèt pou l' manje. Ou rive fè mirak pou ou ka fè m' lapenn.

ou mèt kite lènmi pousib mwen jouk li mete men sou mwen. Ou mèt kite l' mache sou mwen, ou mèt kite l' trennen non m' nan labou.

Se pou moun k'ap pale moun mal yo pèdi pye nan peyi a. Se pou malè tonbe sou ansasen yo pou l' touye yo.

Lènmi ap veye kote nou prale. Nou pa menm gen dwa soti nan lari. Jou lanmò nou rive. Sa ki rete pou nou mouri a pa anyen.

Micah 7:2 TSK

Pa rete moun serye nan peyi a ankò. Pa gen moun k'ap sèvi Bondye ak tout kè yo. Tout moun ap tann chans pa yo pou mete men yo nan san. Moun ap mache mete pèlen yonn pou lòt.