TSK

TSK · 1 Samuel 25:18

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

¶ Jakòb rete pase nwit la kote l' te ye a. Apre sa, nan sa l' te gen avè l' yo, li chwazi ladan yo pou fè Ezaou, frè l' la, kado.

Epi Moyiz di Arawon konsa: -Pran ti recho dife ou la, pran chabon dife sou lotèl la, mete ladan l'. Vide ti lansan sou dife a. Epi kouri vit avè l' al jwenn pèp la. W'a fè sèvis pou mande Bondye padon pou yo. Fè vit non! Seyè a fache anpil, li gen tan pran desizyon l'. Malè a konmanse deja.

¶ David te fèk fin kite tèt mòn lan lè li wè Ziba, domestik Mefibochèt la, k'ap vin kontre l'. Li t'ap mennen de bourik byen chaje avèk desan pen, san grap rezen chèch, san pake fwi mi ak yon gwo veso fèt ak po bèt plen diven.

Lèfini, moun soti nan tout vwazinaj la, jouk nan peyi Isaka, peyi Zabilon ak peyi Neftali, yo pote manje sou bourik, sou chamo, sou milèt ak sou bèf. Te gen pwovizyon farin frans, gato, fig frans, grap rezen chèch, diven, lwil ak kantite bèf, mouton ak kabrit. Tout pèp Izrayèl la t'ap fè fèt nan tout peyi a.

¶ Kado ou fè louvri chemen pou ou toupatou, ata chemen ki mennen lakay grannèg.

Madanm lan p'ap janm aji mal ak mari l', l'ap pase tout lavi l' ap fè l' byen.