TSK

TSK · 2 Corinthians 6:1

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Jerizalèm, Jerizalèm, ou menm ki touye pwofèt yo, ou menm k'ap touye moun Bondye voye ba ou yo ak kout wòch, depi lontan mwen te vle sanble moun ou yo tankou manman poul k'ap sanble pitit li anba zèl li, men ou pa t' vle!

¶ Se sak fè, frè m' yo, jan Bondye fè nou wè li gen kè sansib pou nou an, se pou nou ofri tout kò nou ba li tankou ofrann bèt yo mete apa pou Bondye, bèt yo ofri tou vivan epi k'ap fè Bondye plezi. Se sèl jan nou dwe sèvi Bondye tout bon.

Tou sa soti nan Bondye ki fè nou vin zanmi avè l' ankò, gremesi Kris la. Se li menm tou ki fè m' konfyans, ki ban m' travay sa a pou mennen lèzòm vini byen avè l' ankò.

¶ Men sa mwen menm Pòl, m'ap mande nou ak dousè ansanm ak bon kè ki soti nan Kris la. Gen moun ki pretann mwen fèmen lè m' nan mitan nou, men lè m' lwen nou mwen sevè.

Eske se pou gremesi nou te fè esperyans sa yo? Non, se pa vre, se pa ka pou gremesi.

¶ Bondye fè konnen favè l' pou tout moun ka delivre.

Veye kò nou! Pa refize koute pawòl moun k'ap pale ak nou an. Moun ki te refize koute pawòl moun ki t'ap ba yo avètisman Bondye sou latè a, yo pa t' chape anba chatiman an. Nou pa bezwen mande si nou menm nou ka delivre si nou vire do bay moun k'ap pale ak nou antan l' nan syèl la.