TSK

TSK · 2 Corinthians 8:10

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Nenpòt moun ki va bay yonn nan ti piti sa yo menm yon gode dlo frèt paske se disip mwen li ye, moun sa a p'ap pèdi rekonpans li.

John 16:7 TSK

¶ Men, m'ap di nou laverite: li pi bon pou nou si m' ale. Paske, si m' pa ale, moun ki gen pou vin ankouraje nou an p'ap vin jwenn nou. Men, lè m' ale, m'a voye l' ban nou.

¶ Gen kèk moun nan nou ki di: Mwen gen dwa fè tout bagay. Wi, ou gen dwa fè tout bagay. Men, tout bagay pa bon pou fè. Mwen ka di mwen gen dwa fè tout bagay. Men, mwen p'ap kite anyen fè m' tounen esklav li, li te mèt sa l' te ye.

Men, l'ap gen mwens tèt chaje si l' rete jan l' ye a. Sa se lide pa mwen. Epi mwen kwè poutèt pa m' mwen gen Lespri Bondye a avè mwen.

Chak premye jou nan senmenn lan, se pou chak moun mete yon ti lajan apa dapre sa yo te fè. Y'a sere l' lakay yo. Konsa, nou p'ap bezwen tann se lè m' rive lakay nou pou n'ap chache lajan an.

Mwen konnen jan nou vle ede, mwen pa t' manke kontan pale byen pou nou ak moun Masedwan yo lè m' te di yo: Depi lanne pase anwo, frè ki nan peyi Lakayi yo pare pou ede. Se konsa lanpresman nou pou bay te eksite anpil ladan yo bay tou.

Se pa dèyè kado mwen ye. Men, mwen ta renmen Bondye mete sou sa nou gen deja.

Pa bliye, se pou nou fè sa ki byen, se pou nou yonn ede lòt. Se ofrann konsa ki fè Bondye plezi.