TSK

TSK · 2 Kings 10:4

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Jeou pran banza li, li voye yon flèch ak tout fòs li. Flèch la pran Joram nan mitan de zepòl li yo, li pèse kè l'. Joram tonbe nan cha lagè li a.

Job 41:8 TSK

Seye mete men ou sou li yon grenn fwa, ou p'ap janm fè sa ankò, lè w'a chonje sa l'a fè ou!

Tankou yon lyon k'ap soti nan rakbwa bò larivyè Jouden an pou l' ale kote bèt yo ye nan savann yo, mwen menm Seyè a, m'ap vini, m'ap fè moun yo kouri kite peyi a anvan yo bat je yo. Lè sa a, se moun m'a chwazi a m'a mete pou gouvènen peyi a. Ki moun ki tankou m'? Ki moun ki ka koresponn avè m'? Ki chèf ki ka kenbe tèt avè m'?

Konsa tou, si yon wa vle fè lagè ak yon lòt wa, premye bagay pou l' fè: l'ap chita pou l' egzaminen bagay la byen, pou l' wè si, avèk dimil òm, li kapab mache kontre lòt wa a k'ap mache sou li ak venmil òm.