TSK

TSK · 2 Kings 18:32

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

¶ yo vin jwenn Moyiz, Arawon ak tout moun pèp Izrayèl yo Kadès, nan dezè Paran an. Yo detaye ba yo tou sa yo te wè, yo moutre yo fwi yo te pote yo.

Men, Seyè a, Bondye nou an, ap mennen nou nan yon bèl peyi, yon peyi kote ki gen anpil rivyè, anpil sous dlo, anpil dlo anba tè k'ap pete nan fon yo ak sou flan mòn yo,

Se yon peyi Seyè a, Bondye nou an, ap pran swen, yon peyi l'ap veye pou anyen pa rive l' depi premye jou nan lanne a rive dènye jou a.

Oze te gen nevan depi li te wa lè wa Lasiri a pran lavil Samari. Salmanaza fè tout pèp Izrayèl la prizonye, li depòte yo nan peyi Lasiri. Li mete yon pati ladan yo lavil Ala, toupre larivyè Abò nan zòn Gozan, yon pati nan lavil peyi Medi yo.

Salmanaza fè tout moun peyi Izrayèl yo prizonye. Li depòte yo nan peyi Lasiri. Li mete yon pati ladan yo lavil Ala, toupre larivyè Abò nan zòn Gozan an, yon pati nan lavil peyi Medi yo.

Nèbikadneza depòte dènye moun ki te lavil Jerizalèm, tout chèf yo, tout grannèg yo, li depòte tout atizan yo ak tout bòs fòjon yo. Sa te fè dimil moun antou. Se moun pòv yo ase li kite nan peyi Jida a.

Men ou menm, Seyè, w'ap toujou pran defans mwen. W'ap fè m' genyen batay la. Ou p'ap kite m' wont devan lènmi m' yo.

Lè wa a va vin isit la, l'a pran nou, l'a mennen nou nan yon lòt peyi ki tankou peyi pa nou an, yon peyi kote ki gen anpil ble pou fè farin ak anpil rezen pou fè diven.