TSK

TSK · 2 Kings 19:7

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Koulye a, mwen vin konnen jan ou move sou mwen, jan ou vin awogan. Se poutèt sa, mwen mete yon fè won nan bwa nen ou, ak yon mò nan bouch ou. Mwen pral fè ou pran menm chimen ou te pran pou vini an pou ou tounen.

¶ Menm jou sa a, nan mitan lannwit, zanj Seyè a al nan kan moun Lasiri yo, li touye sankatrevensenk mil sòlda. Nan maten, lè moun leve se kadav yo ase yo jwenn. Yo tout te mouri.

Seyè a voye yon zanj nan kan moun peyi Lasiri yo, li touye tout vanyan sòlda yo ansanm ak kaptenn ak chèf lame yo. Se konsa wa peyi Lasiri a tounen tou wont nan peyi l'. Yon jou li te antre nan tanp bondye li a, pwòp pitit li yo touye l' ak kout nepe.

Job 15:21 TSK

Rèl moun k'ap soufri yo ap kònen nan zòrèy yo. Lè zafè yo pi bon, se lè sa a vòlè tonbe sou yo.

Li voye flèch li yo, li gaye tout lènmi m' yo. Li fè yo tout kouri ak kout zèklè.

L'ap fè mechanste yo a tonbe sou pwòp tèt yo, l'ap fè peche yo a touye yo. Seyè a, Bondye nou an, ap disparèt yo.

L'ap rann jijman pou pòv yo san patipri. L'ap defann dwa pòv malere nan peyi a san paspouki. L'ap denonse sa moun ap fè nan peyi a, l'ap pini yo. L'ap soufle ak bouch li sou mechan yo, l'ap disparèt yo.

¶ Seyè a di konsa: -Mwen pral fè yon gwo van soufle sou lavil Babilòn pou detwi l' ansanm ak tout moun li yo.

¶ Mesaj pwofèt Abdyas sou peyi Edon. Men mesaj Seyè a te ban mwen: Nou te tande mesaj Seyè a te bay la. Li te voye mesaj li a nan tout nasyon yo pou di yo: Annavan! Leve non! Ann mache pran Edon! Ann al goumen avè l'!