TSK

TSK · 2 Kings 22:7

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Yo di l' konsa: -Pèp la pote depase sa nou bezwen pou nou fini ak travay Seyè a te bay lòd fè a.

Lè yo fini ak travay reparasyon an, yo pote rès lò ak rès ajan an renmèt wa a ak Jeojada ki sèvi avèk yo pou fè bagay pou Tanp Seyè a, tankou bòl ak veso yo bezwen lè y'ap fè sèvis, lè y'ap boule bèt yo touye pou Bondye ak tout kalite veso an lò ak an ajan. Pandan tout tan Jeojada te la a, yo pa te sispann boule bèt nèt nan dife nan Tanp Seyè a jan pou yo fè l' la.

¶ Yon nonm ki serye nan sa l'ap fè ap jwenn anpil benediksyon. Men, yo p'ap manke pini moun k'ap prese pou l' rich.

Sa ou te tande m' di ou devan anpil temwen, se pou ou renmèt yo bay lòt moun serye ou konnen ki ka moutre lòt moun yo tou.