TSK

TSK · 2 Kings 25:3

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Y'a atake nou. Y'a sènen tout lavil nou yo, jouk y'a fin kraze gwo miray byen wo ki te sèvi nou ranpa, miray nou te kwè ki ta ka toujou pwoteje nou yo. Wi, y'a fèmen nou, y'a sènen tout lavil nou yo, toupatou nan peyi Seyè a, Bondye nou an, te fè nou kado a.

Lè lènmi yo, moun ki soti pou touye yo, va sènen lavil la, sa va ba yo yon sèl kè sere, sa va lage yo nan yon sèl mizè, y'a manje pwòp pitit gason ak pwòp pitit fi yo. Yonn pral manje lòt.

-Men mesaj Seyè a bay: tout moun ki va rete nan lavil la pral mouri. Sa ki pa mouri nan lagè pral mouri grangou, osinon move maladi ap pote yo ale. Men, tout moun ki va soti al rann tèt yo bay moun Babilòn yo p'ap mouri. Y'a sove lavi yo.

Sou nevyèm jou katriyèm mwa menm lanne sa a, te gen yon sèl grangou nan lavil la, moun yo pa t' gen anyen pou yo manje ankò.

¶ Bon, koulye a ou pral pran ble, lòj, gwo pwa, ti pwa, pitimi ak ble mòn, w'a mete yo ansanm nan yon sèl veso. W'a fè pen ak yo. Pandan tout twasankatrevendi jou w'ap pase kouche sou bò gòch ou a, se sa ase w'a manje.

Se poutèt sa, nan lavil Jerizalèm papa ak manman va manje pwòp pitit yo, pitit va manje papa ak manman yo. M'ap pini nou, m'ap gaye rès moun ki va rete yo toupatou.

Batay nan tout lari! Maladi ak grangou nan tout kay! Moun ki andeyò nan jaden yo pral mouri nan lagè. Moun ki anndan lavil la, grangou ak maladi pral fini ak yo.

-Jèn yo konn fè chak katriyèm mwa, chak senkyèm mwa, chak setyèm mwa ak chak dizyèm mwa a pral yon plezi, yon kè kontan pou moun Jida yo, yon okazyon pou yo fè fèt. Se pou nou renmen viv byen yonn ak lòt san bay manti.