Kanta pou rès moun ki pa mouri yo, lè y'a rive nan peyi kote yo depòte yo a, m'ap fè yo viv tout tan ak yon kè sote san rete. Konsa, bri yon fèy bwa chèch van ap pote ap kont pou fè yo kouri. Y'ap kouri tankou moun ki gen lagè dèyè yo, y'ap tonbe san pa gen moun k'ap kouri dèyè yo.
TSK
TSK · 2 Kings 25:4
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Y'a mouri grangou. Lafyèb va fini ak yo. Move maladi va minen yo. M'a voye bèt nan bwa atake yo. M'a voye sèpan ak pwazon venen pou touye yo.
Men, lame moun Babilòn yo pousib wa Sedesyas. Lè yo rive nan plenn bò lavil Jeriko yo, yo mete men sou li. Lè sa a, tout sòlda li yo gaye, yo kouri kite l'.
Tout chèf lame nou yo vole gadjè. Anvan menm yo te voye yon flèch, yo te gen tan fè yo tout prizonye. Tout moun ki t'ap kouri met deyò yo, yo fè yo tout prizonye tou.
Sou nevyèm jou nan katriyèm mwa, onzyèm lanne rèy Sedesyas la, lènmi yo fè yon twou nan miray ranpa a.
Gwo lajounen w'a fè pakèt ou pati, pou yo ka wè ou. Lèfini, kite yo wè ou aswè ap soti tankou moun y'ap depòte yo.
¶ Nan senkyèm jou, dizyèm mwa, douzyèm lanne depi yo te depòte nou an, yon moun ki te resi chape kò l' soti lavil Jerizalèm vin pote nouvèl ban mwen, li di m' lavil la tonbe nan men lènmi.