TSK

TSK · 2 Kings 4:16

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

M'ap beni madanm ou, m'ap fè l' ba ou yon pitit gason. M'ap beni l', m'ap fè l' tounen manman moun anpil nasyon. Anpil nan pitit pitit li yo va wa.

Yonn nan vizitè yo di l'. Mwen gen pou m' tounen isit la, lè konsa lanne k'ap vini an. Lè sa a, Sara, madanm ou, ap gen tan gen yon pitit gason. Sara menm te kanpe nan papòt la dèyè Abraram, li t'ap koute.

Bon. Eske gen kichòy ki twòp la a pou Mèt la fè? Sou dat mwen fikse a, m'a tounen pase wè ou ankò. Lè sa a, Sara va gen yon pitit gason.

Madanm lan reponn: -Koulye a mwen wè se yon sèvite Bondye ou ye vre. Pawòl nan bouch ou se pawòl Bondye vre.

¶ Moun lavil Jeriko yo vin di Elize: --Mèt, lavil la bati nan yon bon pozisyon, jan ou ka wè l' la. Men, dlo a pa bon, li fè tè a pa bay anyen.

Men Elize voye yon mesaje di l': --Ale lave kò ou sèt fwa nan larivyè Jouden an, maladi po a va disparèt sou kò ou. W'a geri.

Luke 1:13 TSK

Men zanj lan di li: Pa pè, Zakari. Bondye te tande lapriyè ou la. Elizabèt, madanm ou, pral ba ou yon pitit gason; ou va rele l' Jan.

Luke 1:30 TSK

Men, zanj lan di li: Pa pè, Mari. Ou jwenn favè nan men Bondye.