TSK

TSK · 2 Kings 9:22

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Lè larenn Jezabèl t'ap fè touye pwofèt Seyè yo, li menm Abdyas te sove san ladan yo. Li te kache yo nan de gwòt, li te mete senkant nan chak gwòt. Lèfini, li ba yo manje, li ba yo bwè.

¶ Wa Akab rakonte Jezabèl, madanm li, tou sa Eli te fè, ki jan li te touye tout pwofèt Baal yo.

Pa janm gen pesonn mechan tankou Akab. Li te lage kò l' nèt nan fè sa ki mal devan Seyè a. Li te kite madanm li, Jezabèl, pran tèt li.

Ou te pito swiv egzanp wa peyi Izrayèl yo. Ou lakòz peyi Jida a ak tout moun lavil Jerizalèm yo vire do bay Bondye tankou moun fanmi Akab yo te fè l' la. Ou menm rive touye frè ou yo, pwòp pitit papa ou yo, ki te pi bon pase ou.

M'a di yo: Kè poze pou nou tout ki lwen, kè poze pou nou tout ki pre. M'a mete lwanj nan bouch yo, m'ap ba yo tout kè poze, m'ap geri yo.

Men, men repwòch mwen gen pou m' fè ou: w'ap tolere fanm yo rele Jezabèl la k'ap pran pòz pwofèt Bondye li. L'ap detounen sèvitè m' yo, l'ap moutre yo pou yo lage kò yo nan imoralite, pou yo manje viann bèt yo te ofri pou touye bay zidòl.

Paske, li fè tout nasyon yo bwè nan diven l' lan, diven gwo imoralite l' la. Wa latè yo lage kò yo nan dezòd ansanm avè li. Tout kòmèsan latè yo rich sou tèt li, pou kantite lajan li depanse nan banbòch.