TSK

TSK · Deuteronomy 15:19

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

-Se pou nou mete tout premye pitit gason ak tout premye mal bèt yo apa pou mwen. Tout premye pitit gason moun pèp Izrayèl yo, tout premye mal bèt yo fè, se pou mwen yo ye.

Pa pran reta pou n' ofri m' sa pou n' ofri m' nan rekòt danre nou yo ak nan diven nou. n'a ban mwen premye pitit gason nou yo.

¶ Pesonn p'ap ka pran angajman pou yo ofri Seyè a premye pitit mal yon bèt fè paske li deja pou Seyè a. Kit se premye pitit bèf, kit se premye pitit mouton osinon kabrit, se pou Seyè a yo ye.

Tout premye pitit, kit se pitit moun, kit se pitit bèt, y'a mete yo apa pou mwen, e se pou ou yo va ye tou. Men, se pou ou asepte yo peye ou pou chak premye pitit moun ak tout premye pitit bèt ki pa ka sèvi ofrann pou mwen.

¶ Se Bondye menm ki pral chwazi yon kote pou l' rete nan mitan pèp la, kote pou yo fè sèvis pou li. Se la n'a vin jwenn Seyè a, Bondye nou an.

Wi, Seyè a, Bondye nou an, va chwazi yon sèl kote pou yo fè sèvis pou li. Se la n'a pote tout ofrann mwen mande nou yo ba li: ofrann bèt pou nou boule nèt nan dife pou Seyè a, lòt bèt n'ap ofri ba li, ladim nou yo, lòt ofrann yo ak tout lòt bèl kado nou te pwomèt pou n' te bay Seyè a.

Apre sa, nou va ale kote Seyè a te chwazi pou fè sèvis pou li a. Epi la, devan Seyè a, n'a manje ladim farin nou, ladim diven nou ak ladim lwil oliv nou ansanm ak premye pitit bèf, premye pitit mouton ak premye pitit kabrit nou yo. Se konsa n'a aprann pou nou toujou gen krentif pou Seyè a.

N'a pran kont plezi nou, nou menm, pitit gason ak pitit fi nou yo, ansanm ak moun Levi yo ak moun lòt nasyon yo, timoun ki san papa ak fanm vèv ki rete nan lavil kote nou ye a.

Nou pwoche kote tout premye pitit Bondye yo sanble ak kè kontan, yo menm ki gen non yo ekri nan Liv ki nan syèl la. Nou pwoche bò kot Bondye ki gen pou jije tout moun lan, kote lespri moun ki fin bon nèt yo ye a.