Chonje tout chemen Seyè a, Bondye nou an, te fè nou pran nan dezè a pandan karantan pou l' te ka kraze lògèy nou, pou l' te ka sonde nou, pou l' te ka konnen sa ki nan kè nou, si tout bon vre nou te soti pou kenbe kòmandman l' yo.
TSK
TSK · Ephesians 2:11
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Pa bliye se esklav nou te ye tou nan peyi Lejip la, epi se Seyè a, Bondye nou an, ki te delivre nou. Se poutèt sa mwen ban nou lòd sa a jòdi a.
David mande moun ki te kanpe bò kote l' yo: -Kisa y'a bay moun ki va touye sòlda Filisti a, moun ki va wete pèp Izrayèl la nan gwo wont sa a? Epitou, kisa sòlda Filisti sa a, ki pa moun k'ap sèvi Seyè a, ye menm pou l' mete lame Bondye vivan an an defi vin goumen avè l' la?
¶ Men sa Seyè a di: -Nou tout ki dèyè delivrans, nou tout k'ap chache Seyè a, chonje wòch kote nou soti a, chonje min kote yo wete nou an!
Ou menm, w'a chonje sa ou te fè, w'a wont lè w'a resevwa gran sè ak ti sè ou yo. M'ap ba ou yo pou pitit fi pa ou malgre sa pa t' nan kontra a.
Lè sa a, n'a chonje jan nou te mennen bak nou mal, jan nou te fè sa ki pa t' bon menm. Nou pral gen degoutans pou tèt nou paske nou te fè mechanste ak anpil bagay lèd devan Bondye.
Se pa moun ki gen aparans jwif ki jwif tout bon. Se pa sikonsizyon ki kite mak nan kò moun ki sikonsizyon tout bon an.
Nou chonje, lè nou pa t' ankò gen konfyans, nou te kite yo mennen nou jan yo vle devan zidòl ki pa t' kapab pale.
¶ Nan tan lontan, nou pa t' konnen Bondye, nou te esklav yon bann bondye ki pa t' Bondye.
Nan tan lontan, nou te nan fènwa. Men koulye a, paske n'ap viv ansanm nan Seyè a, nou nan limyè. Se sa ki fè, fòk nou mennen tèt nou tankou moun k'ap viv nan limyè a.
Nou menm tou, moun Kolòs, nan tan lontan, nou t'ap viv lwen Bondye. Nou te lènmi avè l' akòz tout bagay mal nou t'ap fè yo, ak tout move lide nou te gen nan tèt nou.
¶ Nan tan lontan, nou te mouri paske nou t'ap viv nan peche nou yo, paske nou pa t' sikonsi nan kò nou dapre lalwa Moyiz. Men koulye a, gremesi Kris la, Bondye ban nou lavi ankò, li padonen tout peche nou yo.