TSK

TSK · Ezekiel 1:2

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

¶ Nan senkyèm jou sizyèm mwa nan sizyèm lanne depi yo te depòte pèp la, mwen te chita lakay mwen ansanm ak chèf pèp Jida yo ki te reyini lakay mwen. Mwen rete konsa mwen santi pouvwa Seyè a, Bondye Sèl Mèt la, desann sou mwen.

¶ Sou douzyèm jou nan dizyèm mwa, dizyèm lanne depi yo te depòte nou an, Seyè a pale avè m', li di m' konsa:

¶ Nan premye jou twazyèm mwa onzyèm lanne depi yo te depòte nou an, Seyè a pale avè m' ankò, li di m' konsa:

¶ Nan dizyèm jou premye mwa vennsenkyèm lanne depi yo te depòte nou an, ki vle di katòzan, jou pou jou, depi yo te fin kraze lavil Jerizalèm lan, mwen santi pouvwa Seyè a sou mwen. Li pran m', li mennen m' ale.