Eli vin pè. Li kouri met deyò pou l' sove lavi li. Li pran domestik li avè l', l' ale lavil Bècheba nan peyi Jida. Li kite domestik li a la.
TSK
TSK · Jeremiah 20:9
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Pawòl ki nan tèt mwen, ou ta di yon diven k'ap fèmante. Li prèt pou pete veso kote l' ye a.
¶ Ay! Vant mwen! Vant mwen! Tout anndan m' ap fè m' mal! Kè mwen ap bat byen fò. M' pa ka pa pale. Mwen tande twonpèt lagè a ansanm ak rèl moun k'ap atake yo.
Lespri a te leve m' anlè, li pote m' ale. Pouvwa Seyè a te vin chita sou mwen avèk fòs. Men, mwen te boulvèse, kè m' te sere.
Pawòl la te la avèk Bondye depi nan konmansman.
Pou nou menm, nou pa kapab pa pale sa nou wè ak sa nou tande.
¶ Antan Pòl t'ap tann Silas ak Timote lavil Atèn, sa te nwi lespri l' anpil lè l' wè ki jan lavil la te plen zidòl.
Tande byen, se pa yon lwanj pou mwen dèske m'ap anonse bon nouvèl la. Sa se yon obligasyon yo fè mwen. Malè pou mwen si m' pa anonse bon nouvèl la!