TSK

TSK · Jeremiah 29:25

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

¶ Akab te gen swasanndis pitit gason nan lavil Samari. Jeou ekri yon lèt, li voye yon kopi bay tout chèf ki lavil Samari yo, bay chèf fanmi yo ak bay moun ki reskonsab pitit Akab yo. Men sa li voye di yo:

Ezekyas pran lèt la nan men mesaje yo, li li l'. Apre sa, li pati al nan tanp lan, li mete lèt la devan lotèl Seyè a.

Senakerib te ekri yon lèt kote li te joure Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la. Li te di ladan l': Bondye lòt nasyon ki sou latè yo pa t' ka delivre pèp yo anba men m'. Se pa Bondye Ezekyas la ki va delivre pèp la anba men m'!

Lè sa a, Sanbala voye yon senkyèm mesaj ban mwen. Men fwa sa a, li renmèt yon lèt nan yon anvlòp tou louvri bay yonn nan moun k'ap sèvi l' yo pou mwen.

Yo te konn ap fè lwanj Tobija devan m', yo t'ap di tout bèl bagay Tobija te fè. Epi apre sa, y' al rapòte l' tou sa m' te di. Tobija menm t'ap voye lèt ban mwen pou kraponnen m'.

Sefanya, prèt la, te li lèt la bay pwofèt Jeremi.

¶ Lèfini, Neboucharadan, chèf lagad la, pran Seraya, granprèt la, Sefanya, adjwen li an ansanm ak twa lòt chèf ki la pou veye pòtay tanp lan, li fè yo prizonye.