TSK

TSK · Jeremiah 36:12

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Li fè chache Ilkija, prèt la, Akikam, pitit Chafan an, Achbò, pitit Mikaja a, Chafan, sekretè palè a, ak Asaja, nèg konfyans wa a. Li ba yo lòd sa a:

¶ Jojakin te gen dizwitan lè li moute wa peyi Jida. Li gouvènen lavil Jerizalèm pandan twa mwa. Manman l' te rele Neouchta. Se te pitit fi Elnatan, moun lavil Jerizalèm.

Se konsa, wa Jojakim voye Elnatan, pitit Akbò, ansanm ak kèk lòt gason nan peyi Lejip al chache msye.

¶ Nan menm lanne a, nan katriyèm lanne rèy Sedesyas, wa peyi Jida a, nan senkyèm mwa a, pwofèt Ananya, pitit Azou, moun lavil Gabawon, vin pale avè m' nan tanp Seyè a. Devan tout prèt yo ansanm ak pèp la, li di mwen:

¶ Chèf yo kite woulo liv la lakay Elichama, sekretè palè a, y' ale nan lakou palè a, y' al rapòte wa a tout bagay.

¶ Nan setyèm mwa a, Izmayèl, pitit Netanya, pitit pitit Elichama, rive Mispa ansanm ak dis lòt moun pou li vin wè Gedalya, pitit Akikam. Izmayèl te yon ti fanmi wa a. Se te yon gwo chèf nan gouvènman wa a. Pandan yo chita konsa sou tab ap manje lakay Gedalya,