Pa lage m' nan men lènmi m' yo. Yo soti pou yo touye m'. Se yon bann moun k'ap bay manti.
TSK
TSK · Jeremiah 37:14
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Psalms 27:12
TSK
Psalms 52:1
TSK
¶ Pou chèf sanba yo. Se yon chante David te ekri lè Doèg, moun peyi Edon, te al pote rapò bay Sayil pou fè l' konnen David te al kache lakay Akimelèk. Poukisa, ou menm gwo chèf, w'ap vante tèt ou konsa lè ou fè sa ki mal! renmen Bondye a pa janm chanje.
Matthew 5:11
TSK
Benediksyon pou nou lè moun va joure nou, lè y'a pèsekite nou, lè y'a fè tout kalite manti sou nou paske se moun pa m' nou ye.
Luke 6:26
TSK
Malè pou nou lè tout moun ap di nou se bon moun, paske se konsa zansèt nou yo te aji ak fo pwofèt yo.
1 Peter 4:14
TSK
Si yo joure nou paske n'ap swiv Kris la, konsidere sa tankou yon benediksyon. Paske, Lespri ki gen gwo pouvwa a, Lespri Bondye a nan nou.