Seyè a pral pran defans pèp li a, lè l'a wè tout fòs yo fin desann. Li pral gen pitye pou sèvitè l' yo, lè l'a wè pa gen anpil ankò ki rete, ni anndan peyi a, ni deyò.
TSK
TSK · Jeremiah 37:19
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Men, nou menm moun Jida yo, kote bondye nou te fè pou nou yo? Lè nou nan traka, se yo ki pou leve vin delivre nou, si yo kapab! Moun Jida, nou gen yon bondye nan chak lavil nou yo!
Yo pa pran malè ki rive pèp mwen an pou anyen. Y'ap plede di: Tout bagay ap mache byen! Pa gen danje! Epi, manti! Anyen p'ap mache.
Yo pale ak moun ki derefize koute m' yo, y'ap di yo: Tout bagay ap mache byen pou nou. Yo pale ak tout moun ki soti pou kenbe tèt avè m', y'ap di yo: Anyen p'ap rive nou!
¶ Nan menm lanne a, nan katriyèm lanne rèy Sedesyas, wa peyi Jida a, nan senkyèm mwa a, pwofèt Ananya, pitit Azou, moun lavil Gabawon, vin pale avè m' nan tanp Seyè a. Devan tout prèt yo ansanm ak pèp la, li di mwen:
-Voye mesaj sa a bay tout moun yo depòte lavil Babilòn yo. Men sa Seyè a di sou Chemaja, moun Nekelam. Chemaja pran pòz pwofèt li, men se pa mwen ki voye l'. Li fè nou bwè yon bann manti.
¶ Pwofèt yo ap woule pèp mwen an. Anyen p'ap mache nan peyi a. Yo menm menm, y'ap plede di tout bagay ap mache byen. Pèp la ap moute yon miray wòch san mòtye, pwofèt yo menm vini, yo blanchi l' ak dlo lacho.