TSK

TSK · Jeremiah 43:10

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

¶ Bennadad t'ap bwè ak lòt wa yo anba tant yo lè yo pote repons Akab la ba li. Lamenm, li bay moun pa l' yo lòd pou yo mache sou lavil Samari. Se konsa, y' al pare pou atake.

Li te kache kò l' nan fènwa. Yon gwo nwaj pwès, plen dlo, te vlope l' toupatou.

Ou kenbe yo la devan je ou, pou ou ka pwoteje yo anba moun k'ap pèsekite yo. Ou kache yo lakay ou pou yo pa fini ak yo anba kout lang.

Paske m'ap rele tout ras moun ki rete nan peyi sou bò nò yo pou yo vini. Se mwen menm Seyè a ki di sa. Y'a vini, y'a mete fotèy wa yo devan pòtay lavil Jerizalèm. Y'ap fè wonn miray ranpa l' yo, y'ap atake tout lavil nan peyi Jida yo.

Se konsa, mwen lage tout peyi nou yo nan men Nèbikadneza, wa Babilòn, sèvitè m' lan. Mwen ba li ata bèt nan bwa yo pou yo soumèt devan l'.

Nou pa bezwen pè, nou menm pitit Jakòb, sèvitè mwen an. Nou pa bezwen tranble, nou menm moun pèp Izrayèl yo. M'ap vin delivre nou nan peyi lwen sa yo. M'ap vin sove pitit nou yo nan peyi kote yo te depòte nou an. N'ap tounen lakay nou pou nou viv ak kè poze, san pesonn pa chache nou kont ankò.

-Nonm o! Nèbikadneza, wa Babilòn lan, fè lame l' la fè yon gwo jefò pou y' al atake lavil Tir. Li fè sòlda yo travay sitèlman nan pote chay lou, yo pèdi tout cheve nan mitan tèt yo, tout zepòl yo kòche. Men, ni wa a, ni lame l' la pa soti ak anyen apre gwo atak sa a yo te fè sou lavil la.

Monwa, Bondye ki anwo nan syèl la te fè papa ou, Nèbikadneza, wa. Li te ba li pouvwa, otorite ak anpil bèl bagay.