TSK

TSK · Jeremiah 44:14

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

¶ Jou sa a, Seyè a va fè tout plant nan peyi a boujonnen ankò. Y'a grandi byen bèl, byen gwo. Tout moun nan pèp Izrayèl la ki pa t' mouri va kontan bèl rekòt tè a va bay. Sa va fè yo leve tèt yo.

¶ Men sa Seyè a di: -Madichon pou pitit mwen yo k'ap fè tèt di ak mwen! Nan tou sa y'ap fè, se pwòp lide yo y'ap swiv, se pa lide pa m'. Y'ap siyen lòt kontra, atout mwen di yo non. Y'ap fè peche sou peche.

Tout moun ki soti vre pou y' ale nan peyi Lejip pou yo ka rete viv la pral mouri nan lagè, grangou pral touye yo, move maladi ap fini ak yo nèt. Lè sa a, nou yonn p'ap chape anba malè m'ap voye sou nou an.

Men koulye a, koute sa m'ap di nou, nou menm moun Jida yo k'ap viv nan peyi Lejip la. Se mwen menm Seyè a k'ap pale, mwen fè sèman sou tèt mwen: nan tout peyi Lejip la p'ap gen pesonn nan moun Jida yo ki pou pran non mwen pou fè sèman, pou yo di: Nan non Seyè a, Bondye vivan an!

Gen yon ti ponyen moun ase ki va chape nan lagè a. Y'a kite peyi Lejip, y'a tounen nan peyi jida. Lè sa a, ti rès ki va rete nan moun pèp Jida ki te desann al viv nan peyi Lejip la va wè kilès ki te gen rezon, nou menm osinon mwen menm.

Bann rize, bann vèmen! Kouman n'a fè chape anba chatiman lanfè a?

Kanta pou moun pèp Izrayèl yo, Ezayi, bò pa l' menm, di konsa: Menm si moun pèp Izrayèl yo ta anpil tankou grenn sab bò lanmè, se yon ti ponyen sèlman nan yo k'ap sove.

Konsa tou, si nou menm nou meprize yon gwo delivrans tankou sa a, nanpwen chape pou nou. Premye moun ki te fè konnen delivrans sa a se Seyè a menm. Apre sa, moun ki te tande l' yo, se yo ki te fè nou konnen jan delivrans sa a gen anpil valè.