TSK

TSK · Jeremiah 44:24

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

¶ Lavil Jerizalèm sa a! Chèf li yo tankou chèf lavil Sodòm. Moun li yo tankou moun lavil Gomò. Nou tout ki la a, koute sa Seyè a ap di chèf lavil yo. Pare zòrèy nou pou nou tande lòd Bondye nou an ap bay moun Jerizalèm yo.

Enben, nou menm ti ponyen moun ki rete nan moun Jida yo, koute byen sa Seyè a di nou: Men mesaj Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la bay: Si nou soti vre pou nou ale nan peyi Lejip, si nou desann nan peyi sa a pou nou rete,

¶ Lè sa a, tout mesye ki te konnen madanm yo te nan ofri lansan bay lòt bondye yo, tout medam ki te reyini la yo, ansanm ak tout lòt moun pèp Izrayèl la ki t'ap viv depi lontan nan peyi Lejip nan zòn Patwòs la, yo tout yo reponn Jeremi:

Se pou ou di yo tou sa m'a di ou di yo, yo te mèt koute ou, yo te mèt pa koute ou. Chonje se yon move ras moun ki gen tèt di yo ye.

Amos 7:16 TSK

Koulye a menm, koute pawòl Seyè a voye di ou: Ou menm w'ap mande m' pou m' pa bay ankenn mesaj sou pèp Izrayèl la, pou m' sispann pale sou pitit Izarak yo.