Men, David pran gwo fò ki te sou tèt mòn Siyon an. Se li yo rele lavil David la.
TSK
TSK · Psalms 48:3
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
¶ Yon moun peyi Letiopi yo te rele Zera vin anvayi peyi Jida ak yon lame ki te gen yon milyon sòlda ansanm ak twasan cha lagè. Yo vanse jouk lavil Marecha.
Seyè ki gen tout pouvwa a la avèk nou. Se bò kote Bondye Jakòb la nou jwenn kote pou n' kache.
¶ Pou chèf sanba yo. Se sou enstriman akòd pou yo jwe mizik la. Sòm Asaf sa a, se yon chante li ye. Yo konnen ki moun Bondye ye nan tout peyi Jida. Se tout moun k'ap nonmen non l' nan peyi Izrayèl.
Fè lwanj Seyè a nan peyi Siyon. nan lavil Jerizalèm, kote l' rete a. Lwanj pou Seyè a!
Lajounen, Seyè a va voye yon gwo nwaj vin poze sou tout mòn Siyon an ak sou tout moun ki sanble la a. Lannwit, se va lafimen ak yon gwo flanm dife la voye. Pouvwa Bondye a pral kouvri yo, l'ap pwoteje tout lavil la.
Tout moun sou granchemen an ap rele chalbari dèyè ou. Y'ap lonje dwèt sou ou, y'ap pase lavil Jerizalèm nan rizib. Y'ap ri, y'ap di: -Men lavil yo t'ap di pa gen pi bèl pase l' la wi! Se lavil sa a wi ki te fè kè tout moun bat pou li a!