TSK

TSK · Psalms 67:4

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Aa! Pou di w'ap fè inonsan peri ak koupab? Se pa posib. Ou pa ka fè sa. Se lenjistis pou inonsan gen menm sò ak koupab. Non, sa pa ka fèt. Bondye k'ap jije tout moun sou tè a pa ka nan fè lenjistis.

Mande m', m'a ba ou tout nasyon yo pou eritaj ou. M'a ba ou tout latè pou bitasyon ou.

¶ Mwen te di se bondye nou ye, nou tout se pitit Bondye ki anwo nan syèl la nou ye.

Paske, l'ap vini pou l' jije tout moun ki sou latè! L'ap jije tout moun san patipri. L'ap jije tout pèp yo dapre sa yo merite.

Sa ki chape yo pral rele, yo pral chante byen fò ak kè kontan. Y'ap rete bò solèy kouche a, yo pral di jan Seyè a gen pouvwa.

¶ Jerizalèm, ou menm ki pa t' kapab fè pitit, rele, fè fèt! Ou menm ki pa t' janm konnen doulè tranche, chante, danse, fè kè ou kontan! Paske fanm gason pa t' okipe a ap gen plis pitit pase fanm mari l' pa t' janm kite l' la. Se Seyè a menm ki di sa.

Y'ap ban nou kantite chamo ki soti peyi Madyan ak peyi Efa. Nou p'ap konnen kote pou n' mete yo. Moun ap soti peyi Saba, chaje lò ak lansan. Y'ap pwonmennen fè lwanj Seyè a toupatou.

Men, w'ap fè tèt di. Ou pa soti pou chanje lavi ou. Se poutèt sa, w'ap pare yon pi gwo chatiman mete la tann ou pou jou Bondye va fè wè kòlè li ansanm ak jijman li k'ap fèt san patipri.

Men sa ki ekri nan Liv la: Fè kè ou kontan, ou menm fanm ki pa t' ka fè pitit! Rele! Fè tout moun konnen jan ou kontan, ou menm ki pa t' janm konnen doulè tranche! Paske, fanm gason pa t' okipe a ap gen plis pitit pase fanm ki gen mari.