Pandan tout rèy Salomon jouk li mouri, moun peyi Izrayèl yo ak moun peyi Jida yo t'ap viv ak kè poze, san danje ni malè, chak fanmi nan lakou yo ak ti jaden rezen yo anba pye fig frans yo.
TSK
TSK · Psalms 72:7
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Men Seyè a fè m' konnen mwen touye twòp moun, mwen fè anpil lagè. Se poutèt sa se pa mwen ki pral bati tanp lan pou li, paske mwen fè twòp san koule.
Moun k'ap mache dwat yo pral pouse tankou palmis, y'ap grandi tankou pye sèd nan peyi Liban.
L'ap regle tout kont nasyon yo gen yonn ak lòt. L'ap jije tout gwo peyi yo. Y'a pran mato, y'a fè zam yo tounen zouti pou travay tè. Y'a fè nepe yo tounen kouto digo. Nasyon yo p'ap fè lagè yonn ak lòt ankò. Yo p'ap janm aprann fè lagè ankò.
Bèt nan bwa ak mouton va viv ansanm. Tig pral kouche menm kote ak jenn kabrit. Jenn ti bèf ak jenn ti lyon pral manje ansanm. Lèfini, se yon timoun ki pral okipe yo.
Men, Bondye gen pou l' voye lespri li desann sou nou ankò. Dezè a va tounen yon bon venn tè. Jaden nou yo va bay bèl rekòt.
¶ Seyè a di ankò: -Ou menm lavil Jerizalèm ki nan gwo lapenn, ki san sekou, ki san pesonn pou konsole ou, mwen pral poze bèl wòch pyè ak yon mòtye koulè pou fondasyon ou. Mwen pral rebati ou sou pyè safi.
¶ Leve kanpe! Ou pral klere tankou solèy. Pouvwa Seyè a pral klere sou ou.
pou m' bay moun mòn Siyon ki nan lafliksyon yo kè kontan nan plas lapenn yo, kontantman nan plas kè sere yo a. M'ap mete nan bouch yo chante remèsiman nan plas chante plenyen. Yo pral grandi tankou gwo pyebwa nan jaden Seyè a te plante ak men l'. Yo tout pral fè sa ki dwat devan Bondye, pou tout moun ka fè lwanj bèl pouvwa li.
Nan rèy dènye chèf sa yo, Bondye nan syèl la pral fè yon lòt chèf parèt, l'ap pran gouvènman an nan men yo pou tout tan. Li p'ap janm pase yon lòt li. Men, l'ap kraze tout lòt pèp yo, l'ap detwi yo. Li menm l'ap kanpe la pou tout tan.
Men, pou moun k'ap sèvi m' yo, pouvwa mwen ki la pou delivre yo a ap leve tankou yon bèl solèy byen klere. Yo pral sote ponpe tankou jenn ti towo gra ki lage nan savann.
Lwanj pou Bondye anwo nan syèl la, kè poze sou latè pou tout moun li renmen.
¶ Paske, se li menm k'ap fè nou byen yonn ak lòt, li fè moun lòt nasyon yo fè yon sèl pèp ansanm ak jwif yo. Avèk pwòp kò li, li kraze miray ki te separe yo epi ki te fè yo yonn lènmi lòt.