TSK

TSK · Psalms 76:6

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Se konsa, lè jou pral kase, Moyiz lonje men l' sou lanmè a, dlo a tounen nan plas li. Lè moun peyi Lejip yo wè dlo a ap vini sou yo, yo t'ap chache sove poul yo. Yo pran kouri. Men, Seyè a voye yo jete nan lanmè a.

Li voye cha farawon yo ansanm ak tout lame l' a jete nan lanmè. Li fè pi bon sòlda li yo mouri neye nan lanmè Wouj la.

Miryam t'ap chante pou yo, li t'ap di moun pèp Izrayèl yo: Annou chante pou Seyè a! Paske li genyen yon bèl batay! Li voye chwal yo jete nan fon lanmè ak tout kavalye yo sou yo.

Moun Izrayèl yo fè moun Aram yo kouri met deyò. David ak sòlda li yo touye sètsan sòlda ki te sou cha lagè, katòzmil sòlda ki te sou chwal. Yo blese Chobak, chèf lame lènmi yo, ki mouri la menm kote yo t'ap goumen an.

Seyè a voye yon zanj nan kan moun peyi Lasiri yo, li touye tout vanyan sòlda yo ansanm ak kaptenn ak chèf lame yo. Se konsa wa peyi Lasiri a tounen tou wont nan peyi l'. Yon jou li te antre nan tanp bondye li a, pwòp pitit li yo touye l' ak kout nepe.

Lènmi nou yo mete dife ladan l', yo koupe tout branch li yo. Fè kòlè! Annik gade yo, y'a peri!

Zanj Seyè a al nan kan moun Lasiri yo, li touye sankatrevensenk mil sòlda. Nan maten, lè moun leve, se kadav yo ase yo jwenn. Yo tout te mouri.

M'ap soule chèf li yo, moun save ak majistra li yo, chèf lame ak sòlda li yo. Yo pral dòmi nèt ale, yo p'ap janm leve. Se mwen menm wa a ki pale, mwen menm yo rele Seyè ki gen tout pouvwa a.

Nahum 1:6 TSK

Ki moun ki ka kanpe devan l' lè li ankòlè? Ki moun ki ka chape anba men l' lè li move? Kòlè Bondye tonbe sou latè tankou dife. Gwo wòch yo tounen pousyè devan li.

Ou menm wa peyi Lasiri a, faksyonnè ou yo ap dòmi. Chèf lame ou yo mouri. Moun ou yo gaye nan tout mòn. Pa gen pesonn pou fè yo tounen lakay yo ankò.