Nan mizè mwen te ye a, mwen rele nan pye Seyè a. Mwen mande Bondye m' lan sekou. Kote l' chita lakay li a, li tande vwa mwen, rèl mwen rive jouk nan zòrèy li.
TSK
TSK · Psalms 86:7
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Lè ou nan tray, rele m', m'a delivre ou. W'a fè lwanj mwen.
¶ Pou chèf sanba yo. Pou Jedoutoun. Se yon sòm Asaf. Mwen rele byen fò nan pye Bondye. Wi, mwen rele nan pye Bondye, li koute mwen.
¶ Chante David te chante lè li te kache nan gwo twou wòch la. Se yon lapriyè. M'ap louvri bouch mwen, m'ap rele Seyè a. M'ap louvri bouch mwen, m'ap kriye nan pye Seyè a.
Seyè, lè pèp la te nan tray, se ou menm yo te vin jwenn. Lè ou t'ap pini yo, yo te gen kè sere, se nan pye ou yo t'ap lapriyè.
Nan mizè mwen te ye a, Seyè, mwen te rele nan pye ou, ou te reponn mwen. Byen fon nan peyi kote mò yo ye a, mwen te mande ou sekou, ou te tande vwa mwen.
Pandan Jezi t'ap viv sou latè, li te lapriyè Bondye, li te fè demann li avèk gwo rèl ak dlo nan je bay Bondye, sèl moun ki te kapab sove l' anba lanmò. Bondye koute l', paske li te soumèt devan Bondye.