TSK

TSK · Psalms 87:3

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Gen yon gwo dlo larivyè k'ap koule pou fè kè moun kontan nan lavil Bondye a, sèl kote ki apa nèt pou Bondye ki anwo nan syèl la.

Moun ki rete sou mòn Siyon yo kontan. Moun ki rete nan peyi Jide yo pral fè fèt, paske ou konn fè moun jistis.

Nou menm ki rete sou mòn Siyon an, rele, fè fèt! Bondye pèp Izrayèl la se yon Bondye apa, li gen anpil pouvwa. Se nan mitan nou li rete.

Laji kote w'ap moute tant ou pou ou viv la! Louvri twal tant ou yo. Ou pa bezwen jennen. Lonje kòd ou yo, ranfòse pikèt ou yo!

pou m' bay moun mòn Siyon ki nan lafliksyon yo kè kontan nan plas lapenn yo, kontantman nan plas kè sere yo a. M'ap mete nan bouch yo chante remèsiman nan plas chante plenyen. Yo pral grandi tankou gwo pyebwa nan jaden Seyè a te plante ak men l'. Yo tout pral fè sa ki dwat devan Bondye, pou tout moun ka fè lwanj bèl pouvwa li.

Y'ap vini sou mòn Siyon an, y'ap chante tèlman y'ap kontan. Y'a kontan anpil pou tou sa Seyè a pral ba yo. L'ap ba yo ble, diven, lwil fre, mouton, kabrit, bèf. Y'ap tankou yon jaden byen wouze. Y'ap gen tou sa yo bezwen.

Wi, men mesaj mwen menm, Seyè sèl Mèt la, voye ban nou: Lènmi moun Izrayèl yo ap pase nou nan betiz, y'ap di: Tout ansyen mòn sa yo pou nou koulye a!

Se la m'ap viv avèk yo. Se mwen menm k'ap Bondye yo. Yo menm, se pèp ki rele m' pa m' lan y'ap ye.

¶ Sou bò nò, fwontyè peyi a ap soti bò lanmè Mediterane a, l'ap pran direksyon solèy leve jouk lavil Etlon, l'ap pase devan Amat, l'ap rive lavil Enon. L'ap kouri sou fwontyè ant peyi Damas ak peyi Amat. Chak branch fanmi pèp la pral resevwa yon pòsyon tè k'ap soti depi bò lanmè Mediterane sou lizyè solèy kouche a rive sou lizyè solèy leve a. Lè ou konmanse sou lizyè nò a, ou jwenn pòsyon tè branch fanmi Dann lan.

Okontrè, nou pwoche bò kot Mòn Siyon an, bò kot lavil Bondye vivan an, ki vle di: Jerizalèm ki nan syèl la ansanm ak tout kantite zanj li yo.

Nan vizyon an, mwen wè zanj lan mennen m' sou tèt yon mòn byen wo. Li moutre m' lavil Bondye a, Jerizalèm ki desann soti bò kote Bondye ye nan sièl la.