TSK

TSK · Psalms 92:3

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Apre sa, w'a moute sou ti mòn Bondye yo rele Gibeya a, kote yon lame moun Filisti moute ganizon yo. Lè w'ap antre nan lavil la, w'a kontre ak yon gwoup pwofèt k'ap desann soti bò lotèl ki sou ti mòn lan. Y'ap jwe gita, y'ap bat tanbou, y'ap jwe fif ak bandjo, y'ap danse, y'ap bay mesaj ki sot nan Bondye.

David bay chèf moun Levi yo lòd pou yo chwazi divès moun nan fanmi yo ki konn chante, pou yo vini ak enstriman mizik yo, gita, bandjo ak senbal, pou jwe mizik cho paske kè tout moun te kontan.

Se Eyman, papa yo, ki t'ap dirije yo lè y'ap chante nan sèvis y'ap fè nan Tanp Bondye a, antan y'ap jwe gita, bandjo ak senbal. Asaf, Jedoutoun ak Eyman te sou zòd wa a.

Yon lòt gwoup va pran pòs bò palè wa a. Rès yo va moute lagad bò pòtay fondasyon an. Tout pèp la va sanble nan gwo lakou Tanp Seyè a.

¶ Lè yo tapral fè sèvis benediksyon miray ranpa lavil Jerizalèm lan, yo fè chache tout moun Levi yo toupatou kote yo te rete, yo mennen yo lavil Jerizalèm. Yo te vle fè yon gwo fèt pou sèvis benediksyon an ak kè kontan. t'ap gen chante pou di Bondye mèsi, avèk mizik, senbal, gita ak bandjo.

Jwe enstriman mizik pou di Seyè a mèsi! Jwe gita dis kòd la, fè fèt pou li.

M'ap souke kò mwen, m'ap leve. M'ap pran gita mwen, m'ap pran bandjo mwen. Mwen pral fè solèy leve!

Konmanse chante a. Bat tanbouren yo! Jwe bèl mizik sou gita ak bandjo yo.

Lwanj pou li ak twonpèt! Lwanj pou li ak gita ak bandjo!