Konpliman pou Seyè a! Lwanj pou moun ki pran defans mwen an! Se Bondye ki delivre m', se li menm ki pwoteje m'. Ann fè konnen jan li gen pouvwa!
TSK
TSK · Psalms 97:6
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
¶ Seyè, ou renmen nou anpil anpil. Ou toujou kenbe pawòl ou.
Se pou tout nasyon yo fè kè yo kontan. Se pou yo chante tèlman yo kontan, paske ou jije pèp yo san patipri, ou dirije tout nasyon ki sou latè.
¶ Seyè, moun ki nan syèl yo ap chante pou bèl mèvèy ou fè yo. Y'ap chante nan mitan moun k'ap viv pou ou yo, pou fè konnen jan ou toujou kenbe pawòl ou.
¶ Seyè a di konsa: -Ou menm syèl la, koute! Ou menm latè, pare zòrèy ou! Paske mwen menm, Seyè a, mwen pral pale! Pitit mwen te okipe yo, pitit mwen te elve yo, men yo vire do ban mwen.
Seyè a pral fè wè pouvwa li a! Tout moun pral wè l' menm lè a. Se Seyè a menm ki di sa ak bouch li.
Lòt nasyon yo nan fènwa, yon nwaj kouvri lòt pèp yo. Men limyè Seyè a pral leve sou nou! Pouvwa li pral parèt sou nou!
Menm jan lanmè a plen dlo, se konsa toupatou sou latè moun pral konnen pouvwa Bondye a.
Li jije dapre laverite san patipri. Li kondannen gwo jennès ki t'ap pèvèti latè ak imoralite l' la. Li peni l' byen peni, paske li te mete san sèvitè Bondye yo deyò, li te touye yo.