TSK

TSK · 1 Samuel 25:13

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Chèf pèp Izrayèl yo pran nan sa yo te pote a, san yo pa mande Seyè a sa li di nan sa.

Se konsa David leve ansanm ak tout moun ki te avè l' yo. Yo te sisan konsa. Yo kite lavil Keyila lamenm, yo pati, yo pran mache san konnen kote yo prale. Lè Sayil vin konnen David te chape soti lavil Keyila, li chanje lide, li pa mache sou Keyila ankò.

David leve ansanm ak sisan moun pa l' yo, y' ale kay Akich, pitit gason Maòk la, ki te wa lavil Gat.

¶ David t'ap tounen, li rive bò desan mesye li te kite bò ravin Bezò a paske yo te twò fèb pou ale avè l'. Yo mache vin kontre David ansanm ak lòt mesye l' yo. David mache al jwenn yo, li di yo bèl bonjou.

¶ Pito ou aji ak pasyans pase pou ou fè fòs sou moun. Pito ou konn kontwole tèt ou pase pou ou gwo chèf lame k'ap mache pran lavil.

¶ Yon moun ki gen bon konprann pa fè kòlè fasil. Tout kalite li, se pa okipe moun ki fè mal.

¶ Sa ou wè ak je ou, pa prese al rapòte l' lajistis. Si apre sa, yon lòt temwen kanpe pou demanti ou, lè sa a kisa ou va fè?

¶ Frè mwen renmen anpil yo, men yon bagay pou nou toujou chonje. Se pou tout moun prese louvri zòrèy yo pou yo ka tande. Men, pa kouri pale, pa prese fè kòlè.