TSK

TSK · Acts 13:48

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

¶ Onz disip yo ale sou ti mòn nan peyi Galile a, kote Jezi te di yo ale a.

Luke 7:8 TSK

Mwen menm, mwen sou zòd chèf, mwen gen sòlda sou zòd mwen tou. Lè m' di yonn: Ale! li ale. Lè m' di yon lòt: Vini! li vini. Lè m' di domestik mwen an: Fè sa! li fè li.

Men, nou pa kwè paske nou pa fè pati mouton m' yo.

Acts 2:41 TSK

Anpil ladan yo te kwè sa Pyè t'ap di a, yo te resevwa batèm. Jou sa a, te gen twamil moun konsa ki te mete tèt yo ansanm ak disip yo.

Acts 8:8 TSK

Se konsa te gen yon gwo kontantman nan tout lavil la.

Acts 15:2 TSK

Pòl ak Banabas pa t' dakò menm ak moun sa yo. Sa te fè yon gwo diskisyon. Se konsa, frè yo deside voye Pòl, Banabas ansanm ak kèk lòt moun Antiòch moute Jerizalèm pou regle keksyon sa a ak apòt yo ansanm ak chèf fanmi yo.

¶ Nou pran devan, n' al anbake sou yon batiman ki mennen nou Asòs. Se la pou Pòl te vin anbake tou. Se li menm ki te vle l' konsa, li te fè lide ale Asòs apye.

¶ Yo fikse l' yon jou. Lè sa a, yo te anpil ki te vin jwenn li kote li te ye a. Depi nan maten jouk nan aswè, Pòl t'ap ba yo esplikasyon: li t'ap fè yo konnen gouvènman Bondye ki wa a. Li pran lalwa Moyiz la ak liv pwofèt yo, li t'ap chache fè yo rekonèt ki moun Jezi ye.

Bon. Kisa n'a di koulye a? Sa pèp Izrayèl la t'ap chache a, li pa t' jwenn li. Men, moun Bondye te chwazi yo, se yo ase ki jwenn li. Kanta pou lòt yo, yo vin gen tèt di,

Men, li te vini pou moun lòt nasyon yo tou, pou yo te ka fè lwanj Bondye pou jan li gen kè sansib, jan sa te ekri nan Liv la: Se poutèt sa m'a fè lwanj ou nan mitan lòt nasyon yo. Se poutèt sa m'a chante pou non ou.

Byen lontan anvan Bondye te kreye lemonn, li te chwazi nou nan Kris la pou nou te kapab viv apa pou li, pou n' te san repwòch devan li. Nan renmen li renmen nou an,

li ban nou lavi ankò ansanm ak Kris la, nou menm ki te mouri akòz peche nou yo. Se yon favè Bondye fè nou lè li delivre nou.

¶ Pou fini, frè m' yo, lapriyè pou mwen pou pawòl Seyè a ka kontinye gaye toupatou byen vit, pou li resevwa lwanj tankou sa te fèt pami nou.