TSK

TSK · Daniel 2:49

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

¶ Antan Madoche te chita bò pòtay la, de domestik konfyans wa a, Bigtan ak Tèrèch, ki t'ap fè pòs devan chanm wa a, fache sou wa a, yo fè konplo pou yo touye l'.

¶ Lè se moun k'ap fè sa ki dwat ki rive chèf, se fèt pou tout moun. Men, lè se mechan an ki rive chèf, tout moun al kache.

Kòmandan nèg konfyans wa yo te chanje non ti mesye yo. Li te rele Danyèl Beltechaza, Ananya Chadrak, Michayèl Mechak, Azarya Abèdnego.

Apre sa, Danyèl al lakay li, epi li di Ananya, Michayèl ak Azarya, zanmi l' yo, sa ki genyen.

Enben! Gen twa jwif ou te mete reskonsab pwovens Babilòn lan. Se Chadrak, Mechak ak Abèdnego. Mesye sa yo pa okipe lòd ou bay la, monwa. Yo pa adore bondye ou la. Yo pa mete ajenou devan estati lò ou te fè fè a.

Amos 5:15 TSK

Rayi sa ki mal, renmen sa ki byen. Pa kite yo fè lenjistis nan tribinal. Nou pa janm konnen, Seyè a ka gen pitye pou ti rès ki rete nan pitit pitit Jozèf yo.