Seyè a mande l': Ki jan? Lespri a reponn: Mwen pral mete pawòl manti nan bouch pwofèt Akab yo. Seyè a di l': W'a pran tèt li vre konsa. Ou mèt al fè jan ou di a.
TSK
TSK · Daniel 2:9
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
¶ Manti la pou yon ti tan. Men, verite la pou tout tan tout tan.
Se mwen menm ki fè siy yo te predi yo pèdi sans yo. Se mwen menm ki fè divinò yo depale. Mwen demanti pawòl moun save yo. Mwen fè yo wè tout konesans yo se bagay moun fou.
¶ Seyè a di ankò: -Nonm o! Koulye a, vire tèt ou gade nan direksyon medam k'ap fè mesaj yo yo menm! Yo pran pòz pwofèt yo nan mitan pèp Izrayèl la! Denonse yo!
Danyèl al mande wa a pou li ba li yon dèle pou l' ka fè wa a konnen sa rèv la vle di.
Bon, koulye a, tande n'a tande twonpèt yo ak lòt enstriman mizik yo ap jwe, se pou nou mete ajenou pou n' adore estati mwen fè fè a. Si nou pa fè sa, y'ap jete nou nan gwo fou tou limen an. Pa gen bondye ki pou delivre nou anba men m'.
Epi, Dariyis, moun peyi Medi a, pran pouvwa a. Dariyis te gen swasanndezan sou tèt li lè sa a.
Nou pa tankou anpil moun k'ap defòme pawòl Bondye a. Okontrè, nou pale pawòl la jan li ye a devan Bondye, tankou moun k'ap viv nan Kris la, paske se Bondye menm ki voye nou.