TSK

TSK · Isaiah 49:21

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Lavil Jerizalèm rete pou kont li sou do mòn Siyon an, tankou yon ti joupa, tankou yon ti tonèl nan mitan jaden. Lènmi sènen l' toupatou.

Pèp la pa konn anyen menm. Se poutèt sa y'ap fè yo prizonye, y'ap depòte yo. Grannèg yo pral mouri grangou. Pèp la menm ap mouri swaf dlo.

Ou menm lavil Jerizalèm ki nan prizon, souke pousyè ki sou ou, leve atè a, chita sou fòtèy ou! Wete chenn yo te pase nan kou ou yo, ou menm mòn Siyon ki te nan prizon!

¶ Mwen p'ap vire do ban nou ankò. Yo p'ap rayi nou. Nou p'ap rete san pesonn pou vizite nou. M'ap fè moun nou yo toujou kontan wè nou. Y'a fè fèt de tit an tit.

Lavil yo mete apa pou ou yo rete san moun ladan yo. Mòn Siyon an tankou yon dezè. Lavil Jerizalèm tounen yon savann.

¶ Jan lavil Jerizalèm te plen moun yon lè! Gade, jounen jòdi a li chita pou kont li! Li tankou yon fanm ki pèdi mari l'. Tout nasyon sou latè te respekte pouvwa li. Li te devan tout lòt lavil yo. Koulye a, men li tounen esklav!

Y'ap touye yo ak nepe, y'ap mete men sou yo, y'ap depòte yo nan tout lòt peyi. Pou lavil Jerizalèm lan menm, moun lòt nasyon yo gen pou yo foule l' anba pye yo, jouk tan dèle yo ba yo a va bout.

Ou menm ki pa jwif, ou se yon branch pye oliv mawon yo koupe. Atout ou mawon an, yo grefe ou sou pye oliv kay la. Men jwif yo menm, se branch pye oliv kay la menm yo ye. L'ap pi fasil toujou pou grefe yo ankò sou pyebwa pa yo a.

Si ou se moun Kris la, enben ou se pitit pitit Abraram. Ou gen pou resevwa eritaj Bondye te pwomèt la.