Abraram leve je l', li rete konsa li wè twa mesye kanpe devan li toupre pyebwa yo. Wè li wè yo, li leve nan papòt la, li kouri al jwenn yo, li bese tèt li jouk atè pou l' di yo bonjou.
TSK
TSK · Joshua 5:13
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
¶ Jakòb leve je l' gade, li wè Ezaou ki t'ap mache vin jwenn li avèk katsan moun dèyè li. Li pran timoun yo, li separe yo, li bay Leya pa l' yo, li bay Rachèl pa l' yo, li bay de sèvant yo pa yo.
Zanj mwen an va mache devan nou, l'ap mennen nou nan peyi moun Amori yo, peyi moun Et yo, peyi moun Ferezi yo, peyi moun Kanaran yo, peyi moun Evi yo ak peyi moun Jebis yo. M'ap detwi yo tout.
Lè sa a, Seyè a louvri je Balaram, li fè l' wè zanj lan ki te kanpe nan mitan wout la avèk nepe l' nan men l'. Balaram lage kò l' fas atè.
¶ Lè sa a, Manoak lapriyè Seyè a, li di: -Tanpri, Mèt mwen, fè moun Bondye ou te voye a vin bò kote nou ankò pou l' ka di nou sa pou nou fè pou ti gason ki pral fèt la.
Lè sa a, Manoak di madanm li: -Nou pral mouri, paske nou wè Bondye!
David voye je l', li wè zanj Seyè a kanpe nan lè a, san pye l' pa touche tè, bra l' lonje sou lavil Jerizalèm ak yon nepe nan men l'. Lè sa a, David ak chèf fanmi yo, rad sak yo sou yo, bese tèt yo jouk atè.
Men, David pa t' ka ale la pou adore Seyè a, paske li te pè nepe zanj Seyè a.
Mwen leve je m', mwen wè yon moun ki te gen rad swa sou li ak yon sentiwon fèt ak bon lò mare nan ren l'.
Men ki jan pwofèt la rakonte l': -Mwen fè yon vizyon nan mitan lannwit: Mwen wè yon nonm sou yon chwal wouj. Li te kanpe nan mitan yon bann pye jasmen ki te nan yon ti fon anba pyebwa. Te gen yon chwal wouj, yon chwal alzan ak yon chwal blan kanpe dèyè do l'.
ak nan mitan yo yon moun ki te sanble ak yon gason. Li te gen yon gwo rad sou li byen long ki te bat jouk sou pie l', ak yon sentiwon an lò mare sou lestonmak li.