TSK

TSK · Philippians 1:13

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Li vin jwenn nou. Li pran sentiwon ki te nan ren Pòl la, li mare de pye pa l' ak de men pa l' yo, epi li di: Men sa Sentespri deklare: Se konsa jwif Jerizalèm yo pral mare mèt sentiwon sa a; apre sa, y'ap lage l' nan men moun lòt nasyon yo.

Apre yo fin ale, yonn t'ap di lòt: Nonm sa a pa fè anyen ki merite prizon, ale wè lanmò.

Se poutèt sa mwen fè rele nou pou m' wè nou, pou m' pale ak nou, pou m' di nou se poutèt moun pèp Izrayèl t'ap tann lan kifè yo mare m' ak chenn sa a.

¶ Se poutèt sa, mwen menm Pòl ki nan prizon poutèt Kris la pou byen nou, nou menm ki pa jwif, m'ap lapriyè pou nou devan Bondye.

Nou mèt wè m' nan prizon koulye a, se Bondye ki ban m' misyon fè konnen bon nouvèl la. Lapriyè pou mwen pou m' ka pale avèk lasirans, jan m' dwe fè l' la.

Tout pèp Bondye a ki isit la, espesyalman sa ki nan palè Seza a, voye bonjou pou nou.

Konsa, nou fè anpil moun rive konnen mesaj Seyè a. Se pa sèlman nan Masedwan ak nan Lakayi, men se toupatou moun ap pale jan nou gen konfyans nan Bondye. Se sa ki fè, nou pa bezwen pale sou sa ankò.

¶ Frè m' yo, nou pa bezwen sezi devan gwo eprèv sa yo k'ap tonbe sou nou tankou yon gwo dife. Nou pa bezwen konprann sa se yon bagay estwòdenè k'ap rive nou la a.