Proverbs 6:6
TSK
¶ Ou menm parese, al pran leson nan men foumi yo. Ale wè jan y'ap viv pou ou manyè konprann lavi.
TSK
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
¶ Ou menm parese, al pran leson nan men foumi yo. Ale wè jan y'ap viv pou ou manyè konprann lavi.
¶ Moun ki travay jaden ap jwenn manje pou yo manje plen vant yo. Men, moun k'ap pèdi tan yo nan fè bagay san valè, se san konprann yo ye.
¶ Moun ki pran swen yon pye rezen, se li ki va jwenn rezen pou li manje. Moun ki fè travay mèt li byen, y'a gen respè pou li.
¶ Yon moun ki travay di nan jaden l' ap jwenn kont manje pou l' manje. Men, moun k'ap fè bagay ki p'ap sèvi anyen ap toujou pòv.
Moun ki fè sa yo ba li lòd fè a pa nan pwoblèm. Yo p'ap fè l' anyen. Yon nonm ki gen bon konprann konnen ki jan ak kilè pou l' fè sa li gen pou l' fè a.