TSK

TSK · Proverbs 15:21

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Lè ou gen krentif pou Bondye, se lè sa a ou konmanse gen bon konprann! Bondye ap bay moun ki gen krentif pou li bon jijman. Wi, se tout tan pou yo fè lwanj li.

Chache konnen byen sa w'ap fè. Konsa, tou sa w'ap fè ap mache byen pou ou.

¶ Avili yon frè parèy ou, se bagay moun san konprann fè. Yon moun lespri konnen pou l' pe bouch li.

¶ Moun ki gen bon konprann pran prekosyon yo, yo egzante malè. Moun sòt yo awogan, yo toujou konprann zafè yo bon.

Se sa ki fè, konnen ki jan pou n' mennen tèt nou! Pa mennen tèt nou tankou moun ki sòt, men tankou moun ki gen konprann.